Pierre François Joseph Rosalvo Bobo te fèt nan dat 24 janvye 1873 Okap. Apre li te fin fè klas segondè li nan vil sa a, li te pati pou peyi Lafrans pou li te etidye la medsin. Lè li te tounen, li te travay kòm doktè nan vil Okap anvan li te kòmanse fè politik. li te minis Enteryè nan gouvènman Davilmar Théodore la. Nan lane 1915, li te pran kòmandman rebèl Kako yo pou yo te ranvèse prezidan Vilbrun Guillaume Sam.
Malgre se li ki te alatèt soulèvman sa a, Rosalvo Bobo pa t rive prezidan peyi a. Nan mwa out 1915, li te kandida pou pòs sa a, men depite ak senatè ayisyen yo te chwazi Sudre Dartiguenave anba gwo presyon kont-amiray ameriken William Caperton, pandan Marines ameriken yo t ap kòmanse okipe peyi a.
Panike fas ak echèk sa a, Bobo te oblije pati kite Ayiti. Li t al viv an egzil nan peyi Kiba, Jamayik, anvan li te rive nan peyi Lafrans. Li te mouri a Paris nan dat 29 novanm 1919, li te gen 46 lane sou tèt li.

