Luc Grimard te fèt nan dat 30 janvye 1886 Okap. Li te fè karyè nan domèn edikasyon, jounal ak diplomasi. Li te direktè Lycée Philippe Guerrier nan vil Okap, epi apre sa li te dirije Lycée Pétion nan Pòtoprens.
Nan travay li nan laprès, li te direktè jounal Le Soir epi li te sèvi ak non Lin Ghard kòm siyati pou ekri atik li yo. Nan lane 1947, li te vin rektè Inivèsite Ayiti.
Kòm diplomat, li te minis konsèye nan vil Wachintonn epi li te reprezante Ayiti nan Nasyonzini.
Li te pibliye plizyè liv tankou : Sur ma flûte (1911), La Corbeille (1913), Symphonie de la montagne (1927), Ritournelles (1927) ak L’Offrande au deuil (1948).
Luc Grimard te mouri 24 oktòb 1954 nan Pòtoprens.

