Nan dat 31 janvye 1962, nan 8yèm reyinyon Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) nan vil Punta del Este (Irigwe), Ayiti te patisipe nan ekspilsyon peyi Kiba. Minis Afè Etranjè a, René Chalmers, te bay 14yèm vwa a sou 21 peyi, sa ki te kantite vòt egzak ki te nesesè pou te jwenn majorite 2/3.
Vòt sa a te soti aprè yon machanday ant gouvènman François Duvalier a ak gouvènman peyi Etazini. Pou Ayiti te ka bay vòt sa a, Etazini te pwomèt finansman ayewopò entènasyonal Pòtoprens, èd teknik pou baraj Pelig la ak lajan pou bidjè peyi a.
Desizyon 1962 a te rive nan bout li nan dat an 2009, pandan 39yèm Asanble jeneral OEA a nan vil San Pedro Sula (Ondiras). Tout peyi yo te tonbe dakò pou yo te deklare desizyon ekspilsyon an pa vo anyen ankò, sa ki te efase sanksyon yo te pran sa te dire 47 lane.
Malgre sa, gouvènman Kiba a pa t aksepte envitasyon pou l te retounen chita nan òganizasyon an.

