Gertrude Florentine Félicitée Ida, yo plis konnen sou non Ida Faubert, te fèt nan dat 14 fevriye 1882 nan Pòtoprens. Li te pitit fi Lysius Salomon, ki te prezidan peyi Ayiti, ak Florentine Félicité Potiez ki te yon Fransèz.
Apre gouvènman papa l te tonbe nan lane 1888, li te pati an egzil nan peyi Lafrans ak tout fanmi li.
Alantou 1903, li te tounen Pòtoprens kote li te marye ak André Faubert epi li te pase tan li ap ekri powèm ak roman. An 1914, li te pati al rete an Frans nèt epi li te divòse.
Li te antre nan mouvman fanm k ap goumen pou dwa yo epi li te frekante anpil atis nan epòk sa a. An 1939, li te resevwa « Prix Jacques Normand » pou liv li ki rele « Cœur des Îles ». An 1959, li te pibliye « Histoires d’Haïti et d’ailleurs, Sous le ciel Caraïbe ». Ida Faubert te rete an Frans jouk li mouri nan lane 1969.

