Madi 12 janvye 2010, vè 4è 53 nan apremidi, yon gwo tranblemadntè ki te gen yon fòs 7.0 sou echèl Richter te souke peyi Dayiti. Gwo sekous sa a te dire 35 segonn epi episant li te toupre vil Leyogan. Dezas sa a te lakòz anpil dega nan Pòtoprens, kote 25 % nan vil la te detwi, men li te frape fò anpil vil nan pwovens yo tou.
Apa zòn lavil la, Leyogann, Gresye, Tigwav, Grangwav ak Jakmèl te sibi gwo dekoure kote kay moun, lokal leta ak sistèm irigasyon pou jaden te kraze nèt.
Bilan ofisyèl Nasyonzini estime a 222 570 moun ki te mouri, 300 mil ki te blese epi 2,3 milyon moun ki te oblije kite kay yo pou yo al viv nan kan. Katastwòf sa a se youn nan twa pi gwo tranblemandtè ki touye plis moun nan lemond. Anpil lokal ki te reprezante pouvwa Leta a, tankou Palè Nasyonal, Palman an ak plizyè ministè te kraze.
Plis pase 188 mil kay prive te andomaje, sa ki te fòse yon pakèt moun al viv anba tant pandan lontan.
Pou sa ki konsène lajan, peyi yo te pwomèt 9,9 milya dola nan mwa novanm 2010, men Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti a te resevwa sèlman 10 % nan kòb sa a, sa ki te konplike travay rekonstriksyon an, san konte lòt skandal ak polemik.
Nan dat 14 out 2021, yon lòt gwo tranblemanntè ki te gen yon fòs 7,2 te frape Gran Sid la (depatman Sid, Grandans ak Nip). Malgre li te gen plis fòs, li te fè mwens viktim ak yon bilan 2 248 moun mouri.

