Joseph Davilmar Théodore te fèt Ennri nan lane 1847. Li te gen anpil tè nan zòn Nò, epi li te vin selèb kòm chèf peyizan ame yo te rele « Kako » yo. Nan lanne 1914, li te dirije yon soulèvman kont prezidan Oreste Zamor epi li te rive jete l nan pouvwa a.
Nan dat 7 novanm 1914, Asanble Nasyonal la te chwazi l kòm prezidan Repiblik la. Gouvènman li an te moute nan yon moman kote peyi a te nan gwo kriz, sitou poutèt gwo presyon gouvènman ameriken an t ap fè sou li.
Ameriken yo te mande pou yo te kontwole ladwann peyi Dayiti sinon yo pa tap rekonèt gouvènman Théodore a. Davilmar Théodore te di non paske li pa t vle bay lòt peyi dwa sou sa ki pou Ayiti. Poutèt sa, Etazini te bloke lajan leta a, sa ki te jennen prezidan an pou l te peye sòlda li yo. San lajan epi san lame pou soutni l, li pa t ka kenbe pouvwa a.
Nan dat 22 fevriye 1915, li te blije bay demisyon l apre sèlman twa mwa ak demi sou pouvwa a, paske kako ke Vilbrun Guillaume Sam t ap mennen te fòse l pati.
Apre li te fin kite palè a, li te rete lwen politik. Li te la lè Ameriken an te debake an 1915. Davilmar Théodore te mouri Pòtoprens jou ki te 13 janvye 1917, li te gen 70 zan sou tèt li.

