Chak jou, yon dat
–
Nan dat 20 janvye 1758, otorite kolonyal fransè yo te boule tou vivan François Makandal sou plas dam Okap (Cap-Français nan epòk). Ansyen esklav sa a ki te fèt an Afrik tap travay sou abitasyon Lenormand de Mézy kote li te pèdi bra dwat li nan yon moulen kann. Aprè sa li te chape ale nan mawonaj. Makandal te òganize pandan plizyè ane yon rezo rezistans anndan e deyò abitasyon yo. Rezo sa te sèvi anpil ak pwazon pou frape kolon blan yo ki tap viv nan gwo panik. Aprè ke yo te aretel, sistèm kolonyal la te kondane Makandal a mò.
Pandan ke flanm dife yo t ap monte, chenn ki te mare Makandal nan poto a te kase. Li te rive soti nan dife a anvan ke sòlda fransè yo te kenbel epi jete l ankò nan flanm yo. Aksyon sa a te fè esklav yo vin panse ke Makandal te transfòme an papiyon pou l te sa chape.
Batay rezistans esklav yo te pral debouche sou yon soulèvman jeneral an 1791. Peryòd revolisyonè a te kontinye jouk an 1803, nan batay kont twoup kolonyal yo. Tou sa te fini ak pwoklamasyon endepandans Ayiti 1ye janvye 1804.

