Justin Lhérisson te fèt nan dat 10 fevriye 1873 nan Pòtoprens. Li te travay kòm avoka ak pwofesè istwa, epi li te yon jounalis tou. Nan lane 1899, li te kreye jounal « Le Soir » pou l te sa pibliye enfòmasyon sou sa k t ap pase nan kilti peyi a.
Nan literati, se li menm ki te envante « lodyans » la, ki se yon fason pou moun rakonte istwa kout ki soti nan tradisyon Ayiti. Liv li te ekri yo, tankou « La Famille des Pitite-Caille » (1905) ak « Zoune chez sa ninnaine » (1906), te sèvi kòm egzanp pou jan li te konn dekri lavi moun nan sosyete a nan tan sa a.
Nan lane 1903, la vèy fèt Santenè Endepandans lan sou gouvènman Nord Alexis, li te genyen konkou pou tèks nouvo imn nasyonal la. Yon lòt konkou pou mizik la, se Nicolas Geffrard ki te genyen l. Jiri ki t ap jije travay sa yo te gen nan tèt li Occide Jeanty, ki te konpoze premye imn nasyonal la ki sèvi kounye a kòm Imn Prezidansyèl jodi a.
Apre konkou sa a, « La Dessalinienne » te ranplase ansyen imn nasyonal la ofisyèlman. Justin Lhérisson te mouri nan dat 15 Novanm 1907, nan laj 34 an.

