Nan dat 11 fevriye 2004, te gen yon masak ki te fèt nan zòn Lasiri, bò Senmak, pandan soulèvman ame kont prezidan Jean-Bertrand Aristide la. Manm gwoup Bale Wouze, ki t ap sipòte gouvènman an, te atake katye jeneral òganizasyon opozisyon Ramicos.
Kantite moun ki te mouri yo pa menm nan tout rapò yo : RNDDH te pale de anviwon senkant moun, men yon ankèt Nasyonzini te konfime senk moun mouri ak plizyè lòt ki te disparèt.
Premye Minis epòk sa a, Yvon Neptune, te ale nan vil la kèk jou anvan afwontman sa a te rive. Nan mwa jen 2004, lapolis te arete l epi yo te akize l kòm moun ki te planifye vyolans sa yo. Li te pase 2 zan nan prizon san yo pa t janm jije l.
Nan lanne 2008, Tribinal Interameriken pou Dwa Moun te kondane Leta Ayisyen poutèt move fason yo te trete Neptune ak paske yo pa t respekte dwa li devan lajistis. Evènman sa a te yon gwo bout nan kriz politik ki te fè Jean-Bertrand Aristide kite pouvwa a nan dat 29 fevriye 2004.

