Boulot Valcourt te fèt nan dat 12 fevriye 1946 nan vil Okap. Li te jwe gita, li te chante epi li te konpoze mizik. Li te kòmanse nan gwoup « Les Copains » anvan li te antre nan « Ibo Combo ».
Nan lanne 1976, li te kreye gwoup « Caribbean Sextet » ansanm ak lòt mizisyen. Gwoup sa a te fè anpil siksè ak plisyè chante.
Lè « Caribbean Sextet » te fin kraze, li te monte gwoup « Horizon ». Pandan tout karyè li, li te travay ak anpil lòt atis nan peyi a ak nan peyi etranje. Boulot Valcourt te mouri an 2017 nan Nouyòk, Ozetazini.

