Dwa vòt fanm nan peyi Dayiti te devlope tikras pa tikras nan listwa Ayiti. Konstitisyon 1950 la te bay fanm dwa vòt sèlman pou eleksyon minisipal. Nan mwa desanm 1955, Alice Garoute te vin premye fanm ki pase kòm majistra. Se te nan vil Okap.
Apre sa, dekrè-lwa 25 janvye 1957 la, gouvènman pwovizwa Nemours Pierre-Louis te siyen an, te bay fanm dwa pou yo vote ak dwa pou yo kandida nan tout nivo eleksyon nan peyi a. Fanm te sèvi ak dwa sa a pou premye fwa nan eleksyon 22 septanm 1957 yo. Chanjman sa a nan lalwa a, ki te fèt anba presyon gwoup Ligue Féminine d’Action Sociale, te pèmèt fanm antre nan Palman an.
Nan lane 1961, Rosalie Bosquet (Madan Max Adolphe) ak Aviole Paul-Blanc te vin 2 premye fanm ki vin kòm depite nan Palman an. Apre sa, nan mwa janvye 1988, Mirlande Manigat te ekri istwa li kòm premye fanm ki eli kòm senatris (pou depatman Lwès). Li te fè sèlman kat mwa nan pòs la. Madan Manigat te premye fanm ki te gen chans nan yon eleksyon prezidansyèl, an 2011.

