Golman Pierre te fèt nan dat 21 fevriye 1971 nan lavil Machan Desalin. Li te yon gwo atakan entènasyonal ki te pase tout karyè li nan ekip FICA nan vil Okap ant 1994 ak 2005.
Li se pi gwo bitè nan istwa klèb sa a ak 109 gòl epi li te ranpòte twa tit chanpyon nasyonal. De fwa, li te fini premye nan klasman bitè chanpyona a : nan lane 1999 ak 19 gòl, epi nan lanne 2001 ak 24 gòl. Nan ekip nasyonal la, tout moun ap sonje gwo gòl li te make kont Kosta Rika nan mwa janvye 2002.
Menmsi ekip an Ewòp te vle l, li te rete fidèl ak FICA jouk li te kite foutbòl nan lane 2005, lè ekip la te desann nan dezyèm divizyon.

