Johny Placide fèt nan dat 29 janvye 1988 nan vil Montfermeil an Frans. Li fè fòmasyon li nan klib Le Havre AC kote li te kòmanse karyè pwofesyonèl li (2008-2013) anvan li t al jwe pou Stade de Reims (2013-2016) nan Lig 1. Apre sa, li pase nan ekip Guingamp (2017), epi li pati al jwe nan Oldham Athletic (2017-2018) nan peyi Angletè ak nan Tsarsko Selo (2019-2021) nan peyi Bilgari. Depi lane 2021, se nan klib SC Bastia li jwe toujou kòm gadyen.
Li te kòmanse jwe pou ekip nasyonal Ayiti a an 2011 epi li vin tounen kapitèn Grenadye yo nan lane 2014.
Placide se yon poto mitan pou ekip nasyonal la. Nan mwa novanm pase, palmarès li rive a 80 match pou Ayiti. Sa ki mete l nan twazyèm plas pami jwè ki jwe plis match nan istwa peyi a, menm nivo ak Jean-Jacques Pierre, e dèyè Emmanuel Sanon ki gen rekò a ak 100 match, ak Pierre Richard Bruny ki gen 94 match.

