Nemours Jean-Baptiste te fèt nan dat 2 fevriye 1918 nan vil Pòtoprens. Li te yon mizisyen ki te polyvalan sou plizyè enstriman tankou saksofòn, gita ak banjo. Apre li te fin pase nan kèk gwoup mizik, li te kreye Conjunto International nan dat 26 jiyè 1955 sou plas Sentàn. Se gwoup sa a ki te lanse ritm Konpa Dirèk la.
Apre sa, gwoup la te rele Ensemble aux Calebasse answit Ensemble Nemours Jean-Baptiste. Nan ane 1960 yo, li an polemik ak ansyen konpè li Webert Sicot ki te kreye ritm Kadans ranpa a. Mizisyen 2 gwoup yo te menm jwe yon match foutbòl an 1964.
Nan kòmansman ane 1970 yo, Nemours Jean-Baptiste te pati al viv Ozetazini, kote li te kontinye fè mizik. Li te tounen Ayiti nèt nan kòmansman lanne 1980 yo. Nan fen lavi l, li te vin avèg nèt epi li te mouri nan dat 18 me 1985 Pòtoprens.

