Jean-Baptiste Belley te fèt nan zile Gorée (Senegal nan Afrik) bò lane 1746. Yo te depòte l nan koloni Sen Domeng kòm esklav lè l te gen dezan sèlman. Li te travay kòm fabrikan perik nan vil Okap kote yo te rele l Timbazé. Li te fè ekonomi ak lajan travay li pou li te achte libète l.
Nan lane 1777, li te angaje l kòm volontè pou ale goumen bò kote rebèl ameriken yo nan batay Savannah. Eksperyans sa a nan lagè te fè l vin ofisye epi yo te ba l ti non Mars. Nan lane 1793, kòm kapitèn nan 16yèm rejiman, li te defann vil Okap kont yon atak kolon franse yo tap mennen.
An septanm 1793, yo chwazil kòm youn nan 3 depite pou reprezante koloni an nan Asanble Nasyonal. Li te fè eskal Filadèlfi ak Nouyòk anvan li te rive an Frans. Belley, Mills ak Dufay te jwenn envistiti yo kòm depite Sen Domeng nan dat 3 Fevriye 1794. Li te rete depite jouk nan an 1797, epi li te tounen Sen Domeng.
Nan mwa jiyè 1802, Napoleon Bonaparte te bay lòd arete l. Yo te depòte l an Frans, et fèmen l nan prizon Belle-Isle-en-Mer, bò kote Placide, pitit Toussaint Louverture lan. Jean-Baptiste Belley te mouri nan dat 6 out 1805, apre li te fin pase twazan fèmen nan detansyon.

