Fred Hype, te fèt sou non Fred Orival nan dat 20 fevriye 1977 nan lGonayiv,. Se te yon bitmekè, pwodiktè ak konpozitè. Yo te konsidere li kòm nanm mizikal gwoup Barikad Crew, yon sòt de achitèk ki te bay Rap Kreyòl la fòm li genyen jodi a an Ayiti.
Li te fè pifò travay pwodiksyon ak konpozisyon li yo nan stidyo « RED » ki te sitye nan Ri Chavàn.
Apa travay li ak Barikad Crew, li te pwodui anpil lòt atis ayisyen. Fred Hype te soufri ak maladi sik, tansyon epi pwoblèm nan ren. Li te mouri an 2022 nan Repiblik Dominiken.

