Nan dat 25 fevriye 1791, Vincent Ogé ak Jean-Baptiste Chavannes te pase anba siplis « la wou » sou Plas Dam nan vil Okap. De chèf sa yo te dirije yon soulèvman nan mwa oktòb 1790 pou mande otorite yo aplike dwa sivil pou tout moun koulè ki te lib nan koloni an.
Apre revòlt la te fin echwe epi otorite espanyòl yo te fin livre yo, Konsèy Siperyè Okap la te kondane yo pou yo mouri. Siplis la te fèt konsa : bouwo a te kase bra yo ak janm yo ki te mare sou 2 poto kwaze sou fòm X, epi li te kraze lestomak yo ak yon gwo ba fè.
Apre sa, yo te mare kò yo sou yon wou ki te kouche plat jouk yo te rann dènye souf yo. Yo te koupe tèt yo pou yo te ka ekspoze yo sou poto. Sa pat anpeche moun lib koulè yo kontinye batay yo tap mennen an.

