Nan dat 17 janvye 1988, Leslie François Manigat te ranpòte eleksyon prezidansyèl yo anba banyè RDNP (Rassemblement des Démocrates Nationaux Progressistes). Yon eleksyon ke Konsèy Nasyonal Gouvènman an (CNG) te kontwole e ki te rive aprè ke eleksyon 29 novanm 1987 yo te fin anile poutèt masak ki te fèt nan biwo vòt yo.
Daprè rezilta ofisyèl yo, Manigat te jwenn 50,2 % nan vwa yo, men pa t gen anpil moun ki te al vote, kantite moun sa yo te ant 5 % ak 15 % dapre obsèvatè yo.
Li te prete sèman kòm prezidan nan dat 7 fevriye 1988. Prezidans li a te dire sèlman 134 jou. Nan dat 20 jen 1988, jeneral Henri Namphy te fè yon koudeta pou jete l sou pouvwa a, sa ki te fòse l pati al viv an egzil.
Apre li te tounen nan peyi a, Manigat te kandida ankò nan eleksyon prezidansyèl 2006 yo. Nan konpetisyon sa a, li te soti nan dezyèm plas epi li te pèdi eleksyon an devan René Préval.
Leslie François Manigat te mouri nan Pòtoprens jou ki te 27 jen 2014, li te gen 83 lanne sou tèt li.

