François Antoine Simon te fèt an 1843 sou abitasyon Simon nan komin Okay. Li te pitit yon ofisye. Li te kòmanse karyè li nan polis minisipal anvan li te antre nan lame peyi Dayiti. Li te vin kolonèl nan lane 1867, epi jeneral divizyon an 1881.
Pandan plis pase ventan, li te kòmande awondisman Okay. Nan mwa novanm 1908, prezidan Nord Alexis te revoke li paske li pa t vle tire sou pèp la ki t ap manifeste kont grangou nan Sid la. Pou li te pwoteste, li te mache ak sòlda li yo sou Pòtoprens, jete prezidan an epi pran plas li nan mwa desanm 1908.
Gouvènman li an te pote anpil chanjman nan fonksyonman kapital la. Li te mete kouran elektrik, sinema, asfalte kèk ri epi li te fè premye machin yo antre nan peyi a. Pou li te devlope agrikilti, li te siyen kontra « Mac Donald » la nan lane 1910 pou plante fig-banan an kantite epi bati chemennfè. Men, pwojè sa a te lakòz yo mete anpil ti peyizan deyò sou tè yo, sa ki te kreye anpil mekontantman.
Malgre li t ap travay pou pwogrè, elit nan lavil la te gen anpil prejije kont li epi moun nan Nò te pran zam kont gouvènman li an.
Nan mwa jiyè 1911, rebèl Kako yo ki te anba lòd Cincinnatus Leconte te rive Pòtoprens. Antoine Simon te blije pati an egzil nan dat 2 out 1911. Depa li te kòmanse yon peryòd kote peyi a te chanje sèt prezidan nan lespas sèt lane. Yon enstabilite ki te debouche sou Okipasyon amerikèn 1915.
Li te tounen sot an egzil an 1916, men li te rete lwen politik. Antoine Simon te mouri nan vil Okay nan dat 10 janvye 1923. Li te gen 79 lane sou tèt li.
Plis detay nan atik sa a : https://www.haitiexpress.net/2024/01/10/il-y-a-101-ans-disparaissait-le-president-antoine-simon/

