Nan dat 4 fevriye 2004, Mark Zuckerberg ak asosye l yo te lanse sitwèb « TheFacebook » nan inivèsite Harvard. Okòmansman, se etidyan inivèsite sa a sèlman ki te kapab sèvi ak li, men platfòm lan te vin disponib pou tout moun sou Internet nan mwa septanm 2006.
Konpayi an te vin grandi anpil lè li te achte Instagram an 2012 epi WhatsApp an 2014. Nan mwa oktòb 2021, konpayi Facebook te chanje non l pou l te rele Meta Platforms, men rezo sosyal la toujou kenbe non Facebook la.
Pou 2025 lan, konpayi Meta te brase 177 milya dola ameriken kòm chif dafè, sitou gras ak piblisite pou tout kalite biznis yo fè sou platfòm lan. Aktyèlman plis pase 3 milya moun ap sèvi ak Facebook chak mwa sou tout planèt la.
An Ayiti, se 2.6 milyon moun ki sou sou rezo sosyal lan. Sa ki reprezante 22 pousan nan popilasyon an.

