COMMUNIQUE #7
PlanHaiti2k50 pran akt piblikasyon nan jounal monitè bidjè rektifikatif la.
PlanHaiti2k50 pwofite atire atansyon administrasyon CPT-Conille lan sou metòd abityèl koupe
kou poul ki nan lespri plizyè administratè, direktè jeneral, Minis, kontab piblik…chak fwa peyi
a twouve l nan sitiyasyon pou kanpe yon bidjè rektifikatif pandan ane fiskal pra l bout. Se yon
metòd louvri baryè koripsyon, brase lajan, fè depans nan vwayaj initil, achte byen ak sèvis,
machinn nan lide pou benefisye gwo avantaj.
PlanHaiti2k50 pa rive konprann kijan gouvènman pa pran leson nan koze eskandal 100
milyon goud BNC sa, aloske piblikasyon bidjè rektifikatif la bay direktè jeneral ensititisyon
tankou ONA, OAVCT, AAN, FNE, DGI, AGD, BMPAD, SEMANAH, Radyo, Bibliotèk ak
teyat nasyonal, biwo nasyonal etnoloji,… zouti finansye pou peye sendika, peye chef pati politik
achte manm KPT pou rive konsève pòs yo.
PlanHaiti2k50 ale pi lwen pou mande Minis finans chapo nwa pou mete blakawout ak
limit nan depans ki gen pou fèt nan enstitisyon kote yo prevwa ranplase Direktè yo,
pandan lap egzije piblikasyon rapò depans bouldozè gouvènman Ariel Henry, Saturné ak
akolit li yo fè nan bidjè pase a.
Pandan nap kontinye veyatif, PlanHaiti2k50 raple PM Conille pou l pa bliye objektif li
se tabli sekirite ak fè bon jan eleksyon men se pa foure men nan kès leta pou enprime kepi ak
logo PM, ni kreye espas nan leta pou fè ti zanmi vin n rich sou do pòv malere kap goumen anba
lavi chè ak ensekirite toutkalte.
Port-au-Prince, le 27 aout 2024
Rubens Jn Level

