Roger Lafontant, ki te minis Enteryè trè enfliyan nan gouvènman Duvalier a, ant 1982 e 1985, te tante fè yon koudeta nan dat 7 janvye 1991. Yon fason poul te sa anpeche rezilta eleksyon 16 desanm 1990 lan, ke Jean-Bertrand Aristide te genyen ak 67,48 % vòt yo. Vè minwi edmi (00h30), Lafontant ak yon gwoup nèg ak zam te rantre Palè Nasyonal, ansanb ak prezidant pwovizwa a, madan Ertha Pascal-Trouillot, ke yo te fenk arete lakay li. Lafontant te fòse l li yon lèt demisyon devan kamera televizyon nasyonal.
Lide Lafontant se te anpeche nouvo prezidan an pran pouvwa a 7 Fevriye. Sou presyon popilasyon an ki te anvayi lari, Lame Fad’H te atake Palè nasyonal. Vè midi nan jounen an, Roger Lafontant te rann tèt li bay sòlda yo ki te arete l. Evènman sa a te lakòz anpil vyolans nan lari kapital la ak nan pwovens. Dapre rapò, ant 75 e 150 moun te mouri nan mitan raj ak kòlè pèp la pandan jounen sa yo.
Pwosè Roger Lafontant te fèt nan mwa jiyè 1991. Apre yon seyans tribinal ki te dire 21 èdtan san rete, jij yo te kondane l pou l te pase rès lavi l nan prizon ap fè travay fòse. Pandan koudeta 30 septanm 1991, yo te touye Lafontant anndan selil li nan Penitansye Nasyonal. Nan lannwit ki te swiv la, nan dat 30, yon lòt koudeta. Dezyèm koudeta ke lame a te reyisi fèt, te jete Jean-Bertrand Aristide sou pouvwa a epi li te ranplase l ak yon gouvènman pwovizwa, anba kontwòl jeneral Raoul Cédras e lyetnan-kolonèl Michel François.
Related Posts
Add A Comment

