Remy Augustin te fèt nan lane 1910 Petyonvil. An 1953, yo te sakre li kòm evèk oksilyè Achidyosèz Pòtoprens. Se te premye Ayisyen e premye moun nwa andeyò kontinan Afrik la ki te rive nan nivo sa a nan Legliz Katolik.
Apre gouvènman Duvalier a te pouse do achevèk François Poirier deyò nan peyi a, an novanm 1960, se Mgr Augustin ki te pran direksyon Achidiyosèz la kòm administratè, nan yon moman kote relasyon ant Legliz ak Leta te mare anpil.
Nan dat 9 janvye 1961, gouvènman François Duvalier a te bay lòd pou voye Mgr Remy Augustin ale an egzil. Pouvwa a te repwoche l kòm kwa li ta kanpe kont fason peyi a t ap dirije epi li ta ede etidyan Inivèsite ki tap fè grèv yo a. Otorite yo te fòse Mgr Augustin monte yon avyon ansanb ak kat lòt prèt ayisyen ki te egzile tou.
Aprè 5 an brouyay, an 1966, Vatikan ak gouvènman ayisyen an te siyen yon pwotokòl akò pou te mete plis Ayisyen nan tèt Legliz la. Sa te pèmèt Mgr Augustin tounen nan peyi li. Yo te nonmen li evèk koadjitè Pòdepè nan lanne 1966, epi apre sa li te vin evèk titilè dyosèz sa a.
Li te kontinye travay kòm chèf legliz la nan zòn nan jouk li te pran retrèt li nan lane 1982. Mgr Remy Augustin te mouri an 1983, a 72 zan.

