Occilius Jeanty, tout moun konnen sou non Occide Jeanty Pitit, mouri nan dat 28 janvye 1936 Pòtoprens. Li te fèt nan lane 1860. Se papa l, ki te rele Occide Jeanty tou, ki te premye montre l mizik anvan l t al aprann jwe twonpèt nan lekòl mizik Pòtoprens.
Li te tounen yon gwo mizisyen epi li te pase anpil ane ap dirije Fanfa Palè Nasyonal la ak grad kolonèl. Travay se te òganize mizik militè ak mizik pou seremoni ofisyèl.
Nan lane 1893, li te konpoze mizik premye imn nasyonal peyi a sou pawòl Oswald Durand te ekri. Li te kreye anpil lòt mizik ki rete nan memwa pèp la tankou « 1804 » ak mach funèb ki rele « Imprudence ». P
andan Okipasyon amerikèn nan (1915-1934), li te kenbe diyite l kote li pa t janm vle jwe im lòt peyi devan chèf lame meriken yo.
Pou peyi a sonje tout travay li te fè, yo te bay kyòs mizik Channmas la, nan pote non li.pô

