Chak jou, yon dat
Issa el Saieh te fèt nan dat 22 fevriye 1919 nan Tigwav. Mizisyen sa a te dirije Òkès Saieh la depi lanne 1941 rive nan mitan lanne 1950 yo. Li te chanje fason yo jwe anpil chante tradisyonèl tankou Choucoune, Anana, Ayiti, Rele’m, Maji nan kay la ak Au Perchoir.
Nan lane 1947 konsa, li te kreye pwòp konpayi disk li ki te rele La Belle Créole. Li te travay ak anpil gwo atis tankou Guy Durosier ak Joe Trouillot, sitou pandan gwo fèt Bisantèn Pòtoprens lan nan lanne 1949.
Yon lòt bò, li te louvri Galerie Issa nan fen lane 1950 yo. Avèk galri sa a, li te òganize anpil ekspozisyon nan peyi Etazini ak an Ewòp pou fè moun lòt bò dlo konnen penti nayif ayisyen an. Issa el Saieh te mouri nan dat 2 fevriye 2005 nan Pòtoprens.

