Jou ki te 16 janvye 1830, yon anbasadè panyòl ki te rele Don Felipe Gonzalez Fernandez te debake Pòtoprens. Se te Wa Lespay Ferdinand VII ki te voye l kot gouvènman ayisyen an ofisyèlman pou l remèt pati Lès zile a. Zòn sa a, ki te yon ansyen koloni panyòl, te tonbe anba kontwòl Repiblik Ayiti depi 1822 lè Boyer te inifye tout zile a.
Prezidan Jean-Pierre Boyer te resevwa mesaje panyòl la, men Gouvènman ayisyen pa t ka aksepte demann lan paske Konstitisyon 1816 la di klè ke peyi Ayiti se yon sèl blòk, yo pa ka separe l. Boyer te fè konnen se popilasyon Lès la menm ki te vle vin fè youn ak Ayiti, e depi lè sa a, se Ayiti ki kontwole tout zile a, tout bagay te fin fèt.
Aprè yon pakèt reyinyon, okenn akò pat rive jwenn. Se konsa, misyon anbasadè panyòl la te fini san anyen. Li te kite Ayiti le 1e fevriye 1830 pou l ale Kiba (ki te yon koloni Lespay tou nan epòk sa a).

