Konsey Prezidansyel : Fanmi Lavalas du li rejte ak tout fòs li, eskandal trayizon ki fèt nan jounen 30 Avril 2024 la.
Nòt Pou Laprès parti Fanmi Lavalas
Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas salye kouraj popilasyon an ki ap viv yon lanfè sou tè zanzèt li yo. Yon tranzisyon ki vire do bay bandi legal ki fin depafini ak peyi a nan piye resous leta a, ta ka rebay pèp la yon ti kal lespwa.
Men enterè pèsonèl, ak maladi koudeta, vle devye tout efò k ap fèt pou mete peyi a sou chimen chanjman, pou yon lavi miyò. Fanmi Lavalas ap pwofite felisite Achitèk Leslie Voltaire pou kouraj li, devouman ak tolerans li e tout efò li fè pou rasanble, jwenn yon vre konsansis pou reyisit tranzisyon sa a, e retire popilasyon an nan malsite lap viv la a.
Malerezman, maskarad ki fèt jounen 30 avril 2024 la nan Konsèy Prezidansyèl la, se yon konplo pou garanti bandi legal PHTK an fanmi ak alye yo kenbe pouvwa a nan peryòd tranzisyon an e kontinye tradisyon koripsyon an.
Pèp la bouke soufri pandan bandi legal ak alye yo ap pwofite sou do l. Yon bon tranzisyon ki vle remèt peyi a sou ray dwe chita sou prensip respè akò politik 3 avril 2024 la.
Fanmi Lavalas toujou di pouvwa dwe osèvis peyi a, osèvis majorite defavorize a, osèvis pèp revandikatif la. Pa osèvis yon gwoup politik ki mennen peyi a nan kalamite n ap viv la a. Sitiyasyon peyi a reklame yon lòt mòd fonksyònman pou yon lòt mòd leta.
Pou tout rezon sa yo, Fanmi Lavalas rejte ak tout fòs li, eskandal trayizon ki fèt nan jounen 30 Avril 2024 la. Fanmi Lavalas rete makònen avek revandikasyon pèp la pou yon lòt mòd leta, ke nou dwe prepare ansanm nan yon vrè tranzisyon, ki ap koupe fache tout bon ak kòripsyon, vyolans, ensekirite, ak eksklizyon.
Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm NOU SE LAVALAS
Pou Komite Ekzekitif Fanmi Lavalas
Dr. Maryse Narcisse
M. Joël Edouard Vorbe
Agr. Anthony Dessources
Dr. Jean Myrto Julien

