Nan dat 23 janvye 1973, twa mounak zam te kidnape anbasadè peyi Etazini an Ayiti, Clinton Knox, pandan li t ap tounen lakay li nan zòn Bourdon. Yo te anlve konsil ameriken an tou, Ward Christensen, lè li te eseye entèvni.
Kidnapè yo te kenbe 2 diplomat yo an otaj anndan rezidans anbasadè a epi yo te mande pou rejim Duvalier a ta lage prizonye politik epi peye yon ranson.
Apre plizyè diskisyon ant gouvènman ayisyen an, diplomat Lafrans ak Meksik, yo te rive jwenn yon antant. Nan demen 24 janvye, gouvènman Jean-Claude Duvalier a te lage douz prizonye politik epi yo te mennen yo dirèkteman nan ayewopò a. Yo te bay kidnapè yo yon ranson 70 000 dola vèt tou.
Nan fen jounen an, de diplomat yo te jwenn libète yo san anyen pa t rive yo. Twa kidnapè yo ansanm ak douz ansyen prizonye yo te pran yon avyon espesyal pou y al peyi Meksik, kote yo te jwenn azil politik.

