Constantin Henriquez te fèt an 1880 nan vil Pòdepè epi li te mouri 1ye fevriye 1942 Pòtoprens. Li te fè etid medsin nan vil Paris an menm tan ke li t ap jwe spò nan nivo ki pi wo a.
Li te jwe pou 2 klib rigbi: Olympique epi Stade français. Avèk dènye ekip sa a, li te ranpòte chanpyona Lafrans an 1897, 1898 ak 1901. Nan Je Olenpik Paris an 1900, li te tounen premye atlèt nwa nan listwa ki te ranpòte yon meday lò ak tit chanpyon olenpik.
Apa rugbi,
Constantin Henriquez te konn jwe foutbòl nan nivo konpetisyon tou.
Lè li te retounen an Ayiti, li te prezante espò sa etan li te mete sou pye youn nan premye klib foutbòl an Ayiti.
Li te travay anpil pou fè pwomosyon balon won bò kote jèn yo.

