NÒT OFISYÈL
« ASSOCIATION NATIONALE DES INFIRMIERS ET INFIRMIERES ANESTHÉSISTES D’HAÏTI (ANIAH) »
Pòtoprens, 25 Jiyè 2025
Nou menm, ASSOCIATION NATIONALE DES INFIRMIERS ET INFIRMIERES ANESTHÉSISTES D’HAÏTI (ANIAH), ap leve vwa nou ak tout fòs nou pou mande liberasyon prese prese ak san kondisyon Miss Nerline JOACHIM, enfimyè anestezis, ak Doktè Isaac ARCHELUS, otopèdis, ki se de pwofesyonèl sante k ap sèvi ak devouman nan Lopital Imakile Konsèpsyon Pòdepè.
Arestasyon sa a pa sèlman mete vi 2 pwofesyonèl sa yo an danje, men li jete lonbraj sou diyite tout kò medikal la, e li mete an plis kriz sou yon sistèm sante ki deja frajil. Sitiyasyon sa ka lakòz plizyè santèn sitwayen pèdi aksè ak swen sante yo merite.
Miss Joachim se youn nan sèlman twa enfimyè anestezis ki sèvi tout depatman Nòdwès la. Trennen li ak imilyasyon san okenn prèv legal, se pa sèlman yon zak ki anti-demokratik, men li menase valè etik, sètifikasyon ak repitasyon tout pwofesyon medikal la.
Se poutèt sa, ANIAH :
1. Kondane avèk tout fòs li zak sa a, ki vyole dwa fondamantal moun, mete pèsonèl sante an danje, epi chita sou imilyasyon ak vyolans etik.
2. Reklame liberasyon imedyat Miss Joachim ak Doktè Archellus, sòf si gen prèv klè, legal, ofisyèl e piblik ki jistifye arestasyon yo.
3. Mande pou entegrite espas sante yo respekte, kote misyon nou se sove lavi, pa mete plis lavi an danje.
4. Fè apèl bay Ministè Sante Piblik ak Ministè Jistis pou pran pozisyon piblik sou zak sa, ki mete kòlèg nou yo anba presyon ilegal, imilyasyon, ak menas kont egzistans pwofesyon an.
Nou pa kapab rete an silans pandan kòlèg nou yo, ki chwazi rete sèvi peyi a malgre tout difikilte yo, ap sibi zak mechanste ak tretman degradan. Nan yon peyi kote anpil pwofesyonèl sante ap fòse imigre pou chèche sekirite ak kondisyon pi bon, zak sa yo dekouraje ti rès ki rete yo pi plis toujou.
Nou kontinye mobilize, pandan n ap tann otorite yo repare injistis sa a imedyatman.
Se Lasante Nou Bay – Se Lavi Nou Pwoteje. Nou sèvi tout moun san distenksyon : Otorite, Sosyete Sivil, Rich, Pòv, Koupab oubyen Inosan, jan etik pwofesyon an egzije sa.
Nou rekonèt lajistis gen dwa, men li dwe mache ak dwa moun, etik, ak respè pwosedi. Se pa zak britalite ak imilyasyon ki pral fè nou konstwi yon peyi ki solid.
Nou mande Jistis pou Miss Nerline Joachim ak Doktè Isaac Archellus.
ANIAH,
✍ ____________________________
/Nathalie Paul, Secrétaire
ASSOCIATION NATIONALE DES INFIRMIERS ET INFIRMIERES ANESTHÉSISTES D’HAÏTI (ANIAH)
Pòtoprens, 25 Jiyè 2025

