Apre lanmò Jean-Jacques Dessalines nan mwa oktòb 1806, Henri Christophe te pare pou ranplase l nan tèt leta a. An novanm, yon Asanble te riyini pou fonde yon Repiblik. Anba enfliyans Alexandre Pétion, Asanble a te vote yon konstitisyon ki te redwi anpil sou pouvwa prezidan an nan avantaj yon Sena 24 manb. Menm si yo te chwazi l kòm nouvo prezidan, Christophe pa t aksepte kondisyon sa yo e li te deside ak lame Nò a atake kapital la.
Nan dat 1ye janvye, twoup Christophe yo te kòmanse goumen ak lame Pòtoprens lan ki te anba lòd Pétion nan sa listwa te rele « Batay Sibè ». Christophe te pran pozisyon sou mòn ki ozalantou kapital la. Men, apre yon semenn ap fè syèj Pòtoprens san li pa t ka antre, Henri Christophe te bay lame l la lòd pou yo retire kò yo nan dat 8 janvye 1807. Li te tounen nan Nò pou l te òganize yon Leta ki te gen depatman Nò, Nòdwès ak Latibonit ladan l. Li te pran tit prezidan avi, chèf lame ak administratè lajan leta.
Sa te lakòz peyi a te vin separe an de bout. Christophe te mete sou pye yon administrasyon ak yon sistèm lekòl ki te gen anpil disiplin nan zòn li t ap kòmande a. Li te pase kat lanne ap tann pou l te wè si l ta ka reprann kontwòl tout peyi a, men lè yo te chwazi Pétion pou yon nouvo manda, nan ane 1811,
Henri Christophe te konprann ke separasyon an te fèt tout bon vre. Donk li te pwoklame tèt li wa peyi Dayiti sou non Henry I.

