Nan dat 22 janvye 1965, prezidan François Duvalier te inogire yon Ayewopò Entènasyonal pou vil Pòtoprens. Estrikti sa a te vin ranplase ansyen teren avyon Bowen Field la ki te vin twò piti pou trafik entènasyonal la. Pou yo te konstwi pis la, ki te gen yon longè 2 500 mèt konsa, Leta te sèvi ak lajan ki te soti nan yon kontribisyon nasyonal tout moun nan popilasyon an te oblije bay, ansanm ak lajan ke li te prete nan men lòt nasyon. Travay sa a te pèmèt gwo avyon a reyaksyon ateri nan peyi a.
Apre Jean-Claude Duvalier fin kite pouvwa a, Konsèy Nasyonal Gouvènman an te pibliye yon dekrè an 1986 pou te chanje non an pou Ayewopò Entènasyonal Mayis Gate, dapre non zòn kote ayewopò a bati a. Nan lane 2003, pou fete 200 zan depi Toussaint te mouri, prezidan Jean-Bertrand Aristide te siyen yon lòt dekrè pou rele l Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture.

