Bato transpò pasaje yo te rele « Neptune » an te fè nofraj nan lannwit 16 pou rive 17 fevriye 1993 nan zòn lanmè Miragwann, pandan peryòd Koudeta militè a. Bato sa a te konn vwayaje soti Jeremi pou ale Pòtoprens ak yon kantite pasaje ki te anviron 2 000 moun, sa ki te depase limit li nèt.
Pandan yon gwo lapli t ap pase, pasaje yo te panike epi yo te deplase anmas, sa ki te fè bato a pèdi ekilib li. Dezekilib sa a te lakòz pon anlè a tonbe epi bato a chavire anba dlo touswit.
Katastwòf sa a te lakòz ant 800 pou rive 1 500 moun mouri ak disparèt, epi li te kite 6 421 timoun òfelen nan depatman Grandans lan. Sèlman yon santèn moun te rive sove nan malè sa a.
Yon lòt dezas sou lanmè, bato « Lazarus » la te fè nofraj tou nan dat 24 avril 2007 nan vil Jeremi. Aksidan sa a te lakòz anviwon kenz moun mouri ak plis pase 40 blese pandan yo t ap eseye retire bato a nan sab.

